1. Ki pi gwo kantite mesaj bwat vokal mwen kapab kenbe?
Bwat vokal la ka kenbe jiska 30 anregistreman, si chak dire 90 segonn.
2. Pandan konbyen tan mesaj yo ka rete estoke?
Mesaj vokal yo ka estoke konsa :
- Mesaj ki tande epi anrejistre yo ap estoke pandan 14 jou pou pi plis.
- Mesaj ki antre epi ki pako tande yo ap estoke pandan 14 jou pou pi plis.
- Mesaj ki tande men ki pa anrejistre yo ap estoke pandan 14 jou pou pi plis.
3. Èske mwen kapab jwenn ansyen mesaj ki te anrejistre avan chanjman an ?
- Pou w' jwenn mesaj ki nan ansyen sistèm mesaj vokal la, fè 123.
- Ou kapab jwenn mesaj ki anrejistre nan ansyen sistèm mesaj vokal la pandan yon peryòd 14 jou.
- Mesaj sa yo pap ka anregistre ankò sou nouvo sistèm mesaj vokal la, epi y'ap efase apre 14 jou.
4. Kijan mwen pral konnen mwen gen yon nouvo mesaj vokal ?
W'ap resevwa yon SMS k'ap enfòme w' lè ou gen yon nouvo mesaj vokal.
5. Ki sa ki "Mesaj nan dat fiti" a nan sèvis mesaj vokal la?
Mesaj nan dat fiti a pèmèt ou anrejistre epi voye mesaj nan yon dat ak yon lè ou chwazi nan tan k'ap vini an. Lè dat ak lè a rive, moun nan ap resevwa mesaj la.
Moun k'ap resevwa mesaj la pap konnen ni dat ni lè mesaj la kreye.
6. Ak kisa opsyon "seleksyon lang prefere" a itil nan sèvis mesaj vokal la?
Opsyon seleksyon lang prefere a pèmèt ou chwazi lang ou vle mete kòm lang pou w' itilize nan bwat mesaj vokal ou.
7. Ki lang ki disponib ?
Lang ki disponib pou w' konfigire bwat vokal ou se:
- Fransè
- Kreyòl
- Anglè