1. Kisa ki plan «Cool 50» lan
Digicel kontan anonse lansman yon nouvo plan ki rele "Cool 50. Plan sa pèmèt kliyan yo fè apèl san limit, bay 2GB pou 50 HTG valab pou 24 èdtan . Tout kliyan Prepeye yo elijib (menm sila yo kap itilize SIM Ma Life).
2. Kijan pou aktive epi verifye bundles ak delè plan «Cool 50» lan ?
- Plan ka aktive lew fè kòd sa yo * 509 # SEND, * 500 # SEND epi chwazi "APEL + 2GB 50G" oswa avek aplikasyon MyDigicel.
- Lè ou aktive Plab Cool 50 lan sou aplikasyon My Digicel la,wap resevwa yon bonis 2GB entènèt.
- Avèk Cool 50, kliyan yo ka fè apèl Digi-Digi epi tou sèvi ak aplikasyon Facebook / Whatsapp pou voye tèks, videyo, foto ak nòtvokal esepte pou VOIP, san limit pou yon peryòd 24 èdtan.
- MB klyan resevwa yo valab pou 24 èdtan epi yo disponib sou DA22 (* 120 * 22 # SEND)
- Plan Cool 50l n valab pou 24 èdtan, kliyan yo kapab aktivel valè fwa yo vle pandan jounen an.
Tout kliyan prepeye ka aktive plan Cool 50 lan ak MyDigicel oswa le yo fè kòd * 509 # SEND.
Sou My Digicel
Etap 1. Klike sou 'Connectez-vous avec votre Digicel ID'.
Etap 2. Depiw konekte sou aplikasyon an klike bouton ‘Menu' () ki en wo à goch. Nan lis ki nan Menu an, klike « Plans » apre « Plans disponible»
Etap 3. Apre sa klike «Cool 505».
Etap 4. Pou konfime plan ou chwazi a klike sou « Activé », epi tann mesaj konfimasyon an apresa relimen telefon ou
Ak kod *509#
Etap 1. Fè *509# SEND, nan chif ki nan « Menu » a, chwazi chif ki koresponn ak plan « APEL+1GB 45G » lan.
Etap 2. Lew fin chwazi plan wap gen gen pou konfime aktivasyon an ak chif yo voye diw la, epi rete tann mesaj ki konfimew ke plan aktive, apresa relimen telefonn ou.