Aplikasyon MyDigicel la se fason ki pi fasil pou w' jere kont Digicel ou. Li gratis pou telechaje epi gratis e fasil pou sèvi.
Ak aplikasyon MyDigicel la, ou kapab :
- Gen aksè ak balans kont ou - Verifye epi kontwole kantite lajan ak megabay (MB) ki sou kont ou nenpòt moman, nenpòt kote.
- Fè Rechaj - Pa bezwen pran liy nan magazen pou w' fè yon rechaj (rechaj ou sou pwent dwèt ou!).
- Achte Plan- Nou gen plizyè varyete Plan Prepeye ak Pòspeye ki kapab reponn ak sèvis ou bezwen yo. W'ap jwenn posibilite pou w' wè ak achte plan yon sèl kote.
- Voye Minit, Mande Minit/ Itilize sèvis "appelle-moi" / Planifye yon Kado - Ou ka sèvi ak aplikasyon MyDigicel la pou w' voye/ resevwa lajan. Fè anrejistreman nimewo prefere pou pèmèt ou fè kado plan pi rapid!
- Wè Fakti, Lis Tranzaksyon epi Peye Fakti - Itilize aplikasyon MyDigicel la pou w' peye bil ou. Lajan ou peye a, ap valide nan mwens ke inèdtan!
- Jwenn repons nan Sant Èd nou an - Tout enfòmasyon ou ka bezwen anba men w', w'ap jwenn enfòmasyon sou kesyon ki poze pi souvan sou Digicel, ou dwe tape mo-kle a epi n'ap ba w' repons lan.
- Gen Aksè ak sèvis Live Chat- Èske ou gen kesyon? Nou gen yon sipò ki se sèvis "Live Chat" la sou aplikasyon MyDigicel la. Pale ak yon ajan pou rezoud tout sa ou bezwen.
Sonje : Imaj sa yo sòti nan dènye vèsyon aplikasyon an. Asire w' ou enstale dènye vèsyon an sou telefòn ou a depi jodi a !
![]() |
![]() |