Pou w' jwenn aksè a vitès ki pi rapid ak pi bon kouvèti sou rezo 4G LTE Digicel la, gade pi ba kèk etap senp k'ap pèmèt ou aktive l' sou aparèy ou :
Toudabò, men kondisyon ou dwe ranpli pou w' jwenn sèvis 4G LTE a:
● Fòk aparèy w'ap itilize a konpatib ak sèvis 4G LTE a.
● SIM ou an dwe konpatib ak sèvis 4G LTE a.
● Rezo 4G LTE a dwe disponib nan zòn ou an.
● Chwazi nan mòd rezo telefòn ou a mòd otomatik la oswa 4G LTE a.
● Fòk Sèvis 4G LTE a aktive sou sistèm nou an, pou nou ede w' fè sa klike la
Epi konfigire telefòn ou an konsa :
Android | Apple |
![]() |
![]() |
Android
Etap 1. Chwazi "Settings" nan meni telefòn nan.
Etap 2. Chwazi “Plus” oswa “Connexions”.
Etap 3. Chwazi “Réseaux mobiles" apre "Mode reseau".
Etap 4. Chwazi “4G/3G/2G (Connexion automatique)”.
Etap 1. Chwazi «Réglages» nan meni telefòn nan.
Etap 2. Chwazi “Données cellulaires”.
Etape 3. Chwazi “Options”.
Etap 4. Chwazi “Voix et données”.
Etap 5. Chwazi “LTE”.