Pou chanje kòd PIN kont Mon Cash la, kliyan an dwe swiv etap sa yo:
Etap 1: Fè kòd *202#SEND epi chwazi "Kont pam" nan Meni ki dewoule a ak nimewo ki mache avè l' la.
Etap 2: Chwazi "Chanje kòd sekrè ou a"
Etap 3: Mete kòd sekrè li gen pou kounye a
Etap 4: Mete nouvo kòd sekrè a, konfime ankò epi tcheke konfimasyon kòd la nan notifikasyon ki parèt la.
NB_. Ou ka fè *202*42*ansyen PIN*Nouvo PIN*Nouvo PIN# epi voye l' ale tankou yon apèl, pou w' chanje PIN nan yon fwa.