6501 - Games Club
Digicel bay kliyan yo posibilite pou yo telechaje jwèt sou aplikasyon Nazara Games. Kliyan yo ka jwenn li gratis sou http://games.digicelgroup.com. Ou ka abòne nan yon plan pa jou pou 10 HTG, yon plan pa semèn pou 30 HTG oswa yon plan pa mwa pou 100 HTG.
Kliyan yo ka itilize 3 fason pou yo kanpe sèvis sa a:
1. Lè yo voye yon SMS nan nimewo 6501 avek youn nan mo kle sa yo : STOP, EXIT oubyen UNSUB;
2. Lè yo konekte sou http://games.digicelgroup.com, chwazi " Mon Compte " apre sa klike sou " Déconnexion".
3. Lè yo rele sèvis kliyan an nan 111.
1333/ 1334 - Text to win
Sèvis sa a pèmèt kliyan Digicel yo patisipe nan jwèt "Men Bon Piyay" la lè yo voye mo kle « MOTO » bay nimewo 1333. Pou yo ogmante chans yo pou yo genyen, kliyan yo ka voye mo “MOTO” nan nimewo 1334 epi yap peye 5 HTG pou chak mesaj yo Resevwa.
Pou kanpe sèvis sa a, kliyan yo ka :
- Voye mo NON nan nimewo 1333 pou 5 HTG.
- Rele sèvis kliyan an nan 111.
3266 - Fanm Kreyòl
Sèvis Fanm Kreyòl la pèmèt kliyan yo jwenn konsèy sou kèk aspè nan vi a tankou : maryaj, bote oswa mòd. Sèvis sa a vize tout kliyantèl la espesyalman fanm yo. Yon kliyan ki vle itilize sèvis sa a dwe voye mo kle "FANM" nan nimewo 3266. Pri a se 10 HTG pa jou.
Pou kanpe sèvis la, kliyan yo ka :
- Voye mo STOP nan nimewo 3266 gratis.
- Rele sèvis kliyan an nan 111.
1914 - Smart Content
Pwojè Lakay se yon sèvis ki pèmèt kliyan yo aprann plisyè bagay ak telefòn yo sou entènèt.
Gen yon plan pa jou pou 10 HTG. Pou enskri ladan l’, kliyan yo dwe suiv etap sa yo :
- Voye mo kle ON bay 1914;
- Klike sou lyen yap resevwa nan mesaj konfimasyon an;
- Kreye yon kont
- Chwazi diferan tèm aprantisaj yo.
Pou kanpe sèvis la, kliyan yo ka :
- Voye STOP nan 1914 gratis.
- Rele sèvis kliyan an nan 111.
6161/ 7171 - Mega Promo
Se yon sèvis Digicel lanse ki pèmèt kliyan yo voye mo kle "JEU " bay kòd 7171 pou yo patisipe nan jwèt ki rele " Men Bon Piyay ". Kliyan yo kapab voye "WI" nan kòd 6161 pou ogmante chans yo pou yo genyen prim epi yap peye 10HTG pou chak mesaj yo resevwa.
Pou kanpe jwèt « Men Bon Piyay » la, kliyan yo dwe :
- Voye mo « STOP » nan nimewo 6161 gratis.
- Rele sèvis kliyan an nan 111.
991 - Magic Voice
Sèvis Magic Voice la pèmèt kliyan yo chanje ton vwa yo oubyen son anviwònman kote yo ye a anvan yo fè yon apèl.
Yon kliyan ki vle itilize sèvis sa a dwe suiv etap sa yo:
- Voye youn nan mo kle sa yo : MAGIC / JOIN oswa START nan yon SMS bay kòd 991 oswa konpoze nimewo 991 epi suiv enstriksyon yo ;
- Aktivasyon sèvis la koute 3 HTG pa jou et apèl ki fèt sou Magic Voice yo ap koute 5.30HTG/ minit.
- Pou fè yon apèl, kliyan an dwe itilize code 991 kòm prefiks devan nimewo li vle rele a san li pa mete kòd rejyonal 509 la ( Egzanp : 99148111111). Apre sa, li dwe suiv enstriksyon yo pou l’ chwazi son oswa anviwonman li vle a. Li enpòtan pou konnen ke sèvis sa a valab pou apèl Digi-Digi sèlman.
Pou dezaktive sèvis Magic Voice la, kliyan yo ka :
- Voye STOP oswa CANCEL nan 991 gratis.
- Rele sèvis kliyan an nan 111.
3232/32321 - Info Love
Sèvis Info Love la pèmèt kliyan yo resevwa enfòmasyon pa SMS sou sijè sa yo : "lanmou, Pawol, Lafwa, elatriye.. ». Yon kliyan ki vle itilize sèvis sa a dwe voye youn nan mo sa yo « lanmou, Pawol, Lafwa elatriye …… » nan nimewo 3232 / 32321 epi l'ap peye 5HTG pa jou pou chak mesaj li resevwa.
Si yon kliyan pa vle resevwa mesaj sèvis la ankò, li ka :
- Voye mo « kite lanmou, kite Pawol, Kite Lafwa ... » bay 3232 / 32321 gratis.
- Rele sèvis kliyan an nan 111.
325- Life Club
Sèvis Life Club la pèmèt kliyan yo jwenn amizman kretyen epi li prezante yon eksperyans ekstraòdinè ak devosyon kretyen, mesaj, nouvèl, priyè, elatriye atravè sèvis (SMS, WAP (3G), WEB). Itilizatè yo pap sèlman kapab viv oswa fè eksperyans sèvis la men tou yap kapab genyen prim. Pou fè sa, yo dwe enskri nan sèvis la lè yo voye mo kle "LIFE" nan nan kòd 325, yap peye 8 HTG/ Jou.
Pou dezaktive sèvis la, kliyan yo ka :
- Voye STOP nan nimewo 325 gratis.
- Rele sèvis kliyan an nan 111.
1335 - Bon info
Sèvis sa a pèmèt kliyan Digicel patisipe nan jwèt « Bon Info » epi ogmante chans yo pou yo genyen prim lè yo voye mo « ON » nan nimewo 1335. Yap peye 5HTG pa jou aprè aktivasyon an.
Pou kanpe sèvis la, kliyan yo dwe :
- Voye mo kle STOP bay 1335 gratis.
- Rele sèvis kliyan an nan 111.
362 - Football Fantasy
Football Fantasy se yon sèvis Digicel lanse ki bay kliyan yo posibilite pou yo swiv ekip yo epi pou yo genyen pwen. Li pèmèt kliyan yo kreye ekip vityèl ki baze sou chanpyona pwofesyonèl ki pi popilè yo ak genyen prim.
Yo ka enskri nan sèvis la lè yo voye FOOTBALL oubyen START nan nimewo 362 oubyen lè yo ale sou sit http://footballfantasy.digicelgroup.com
Pou kanpe sèvis la, yo kapab voye "STOP" oubyen "OFF" nan 362.
Pri pou enskri ak renouvle sevis la se 60HTG pa semèn.
595 - Facebook SMS
Nan lide pou fasilite itilizasyon sèvis Facebook la san koneksyon entènèt, Digicel lanse sèvis "Facebook SMS" la. Pou aktive sèvis sa, kliyan ap gen pou konpoze kòd *595# epi lap gen aksè san limit pou li voye mesaj, fè kòmantè, fè pòs sou miray li oswa sou miray yon zanmi elatriye... Sèvis sa ofri de plan renouvèlman otomatik: youn chak jou nan pri 7 HTG ak yon lòt chak semèn nan pri 25 HTG.
Pou anile sèvis la kliyan an ap :
- Fè *595*22#.
- Rele sèvis kliyan an nan 111.
515 - Twitter SMS
Nan lide pou fasilite itilizasyon sèvis Twitter a san koneksyon entènèt, Digicel lanse sèvis "Twitter SMS" la. Pou aktive sèvis sa, kliyan ap gen pou konpoze kòd *515# epi lap gen aksè san limit pou li resvwa mesaj sou espò nouvèl mizik elatriye... Sèvis sa ofri de plan renouvèlman otomatik: youn chak jou nan pri 5 HTG ak yon lòt chak semèn nan pri 20 HTG.
Pou anile sèvis la kliyan ap:
- Fè *515*22#.
- Rele sèvis kliyan an nan 111.