Kisa ki «Plan 12Net» la?
Plan 12Net la se yon plan entènèt ba pri Digicel lanse depi 28 Fevriye 2019. 200MB pou 12 HTG. Tout kliyan prepeye kapab aktive l' (kliyan SIM « Ma Life » yo ladann tou).
Kijan pou w' aktive epi verifye «Plan 12Net» la? Kijan pou w' gade lè l'ap ekspire?
Kliyan yo ka aktive «Plan 12Net la», lè yo fè *134*851#send, *509#send, oswa *130#send. Yo ka aktive l’ sou aplikasyon MyDigicel la tou. Kliyan yo ap kapab verifye 200 MB sa sou *120*22#send, k'ap valab jiska minwi.
Lè aktivasyon an fèt sou aplikasyon MyDigicel la kilyan yo ap benefisye 20% bonis sa vle di y'ap resevwa yon total 240MB.
Plan sa pa gen renouvèlman otomatik. Kliyan yo kapab aktive l' valè fwa yo vle padan yon jounen an.
Sou MyDigicel
Etap 1. Klike sou 'Connectez-vous avec votre Digicel ID'.
Etap 2. Depi w' konekte sou aplikasyon an klike bouton "Meni" an ( ) ki anwo agoch ekran an. Nan lis ki nan "Meni" an, klike « Mes Plans » apre « Plans disponibles»
Etap 3. Apre sa klike sou «Plan Internet» epi «1 Jour 12HTG».
Etap 4. Pou w' konfime plan ou chwazi a, klike sou « Activer », epi tann mesaj konfimasyon an, apre sa etenn epi relimen telefòn ou.
Code *509#send
Etap 1. Fè *509#SEND, gen yon meni ki gen chif k'ap afiche, chwazi plan "200 MB 12 goud" la, avèk chif ki mache avè l' la.
Etap 2. Lè w' fin chwazi plan an, w'ap gen pou w' konfime aktivasyon an ak chif yo di w' la, epi rete tann mesaj ki konfime w' plan an aktive, aprè sa etenn epi relimen telefòn ou.