Digicel ofri yon nouvo plan pou vwayaj, ki pèmèt tout kliyan (prepeye, ibrid ak pòspeye) fè apèl, voye sms oubyen itilize sèvis entènèt la lè yo ap vwayaje. ( USA, Canada ak lòt tèritwa Digicel).
Kliyan yo kapab sèvi ak kòd *186# Send aprè chwazi opsyon : achte yon plan (US, CAN, RD ak lòt) pou aktive plan yo swete a, sou kont pa yo oubyen sou pa yon lòt moun.
Yo kapab verifye balans yo tou ak kòd *186# Send, epi chwazi nimewo ki koresponn ak "balans".
- Kijan prelèvman fèt lè'w nan vwayaj ?
Lè ou lòt bò dlo, ou peye pa minit.
- Kibò avantaj sa yo kapab itilize?
Peyi |
Rezo disponib |
Peyi ou ka rele (ak minit yo) |
USA |
T-Mobile |
USA, Ayiti (Rezo Digicel) |
CANADA |
Roger, Bell ak Telus |
Canada, Ayiti (Rezo Digicel) |
Teritwa Digicel |
Réseau Digicel |
Teritwa Digicel ki vizite a, Ayiti (Rezo Digicel) epi lòt mache Digicel yo (Rezo Digicel) |
Minit yo disponib pou rele nimewo Digicel Ayiti ak peyi kote ou ale vizite a. Alòske si yon kliyan nan youn nan teritwa Digicel yo, l'ap kapab rele Digicel Ayiti, peyi li vizite a epi tout lòt teritwa Digicel yo.
-
Èske kliyan yo ka aktive plan yo plizyè fwa?
Wi, kliyan yo ka aktive plan yo valè fwa yo vle.