Woming lan se kapasite nan sèvi ak telefòn Digicel ou tout kote ou ye lè ou ap vwayaje.
Avèk Digicel ou gen yon telefòn ak yon nimewo = Ou konekte ak rès mond lan.
Ou ka vwayaje e utilize sevis itinerans lè w sèvi avèk sèvis yon operatè rezo GSM nan peyi sa a ki gen yon akò itinérans ak Digicel.
Kalite sèvis woming.
• Roaming pòspeye.
• Roaming prepeye.
• Digi Roaming.
• Done Roaming.
Kisa mwen ta dwe fè anvan m itilize sèvis woming la?
Anvan w itilize sèvis Roaming la, asire w ke kont prepeye digicel ou a aktif.
Asire w ke chagè telefòn ou an konpatib ak sa ki nan peyi ou prale a.
Mete lajan sou kont ou pou w gen ase lajan anvan w ale.
Fòw gen yon telefòn ki ka kapte signal kotew prale a.
Mete telefòn lan sou rezo otomatik.