Lyen sa yo se kòz difikilte telefòn ou kapab jwenn pi souvan ak solisyon yo. Klike sou chak lyen yo pou plis detay :
Èske gen lajan disponib sou kont prensipal ou?
Èske SIM nan byen chita nan telefòn nan?
Èske ou te etenn epi relimen aparèy ou a?
Èske ou tande yon mesaj erè lè w'ap fè apèl?
Èske gen lajan disponib sou kont prensipal la? / Kantite tan ou fè ap pale?
Si w’ se yon kliyan prepeye, asire w’ ou gen ase lajan sou kont ou pou w’ fè apèl. Tcheke balans kont prensipal ou ak MyDigicel.
Si w’ se yon kliyan pòspeye, tcheke balans minit ou, konfime si apèl la kapab fèt sou plan w’ lan epi verifye si w’ pa rive nan limit kredi w’ ak aplikasyon MyDigicel la.
Genyen koneksyon rezo/ chèche rezo manyèl
Kapab gen kèk ka kote aparèy ou a bezwen yon koneksyon manyel sou rezo a paske sa konn rive reglaj otomatik la pa toujou kapab konekte w’ sou rezo a.
Android
Ale nan: (Paramètres> Plus/ Plus de réseaux> Réseaux mobiles. w'ap wè "Opérateurs de réseau".Chwazi «Rechercher des réseaux» l'ap fè ti tan ap chèche, apre w'ap chwazi «Digicel», Epi fèmen telefòn nan epi relimen l'. Lè w' fini w'ap kapab retounen konekte ankò!
Apple
- Seleksyone "Paramètres".
- Chwazi "Opérateurs réseau".
- Dezaktive opsyon otomatik rezo a.
- Pran ti pasyans jiskaske aparèy la chèche rezo yo.
- Rezo ki disponib yo ap afiche. Chwazi Digicel.
Windows
Ale nan "Paramètres> Réseau et sans fil> Mobile et SIM. w'ap wè "Réseaux mobiles". Chwazi «Rechercher des réseaux» apre l' fin chèche rezo chwazi «Digicel», epi etèn aparèy la relimen l'. Depi l' fin reyisi w'ap retounen konekte ankò.
BlackBerry
Ale nan "Paramètres> Réseaux et connexions> Réseaux mobiles. w'ap wè "Mode de sélection de réseau". Chwazi "Manuel" lè li fin chèche, chwazi "Digicel", apre etenn aparèy la epi relimen l'. Depi l' fin reyisi w'ap kapab tounen konekte ankò!
Android | Apple | Blackberry | Windows |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
Remak: Sit sa yo ka ba w' kèk lide sou difikilte ou kapab genyen ak telefòn ou. Konnen tou yo pa sit Digicel, W'ap sèvi ak Megabay pou al sou yo.
Eske kat SIM nan byen ranje nan telefòn nan?
Pafwa si telefòn nan ap plede souke oswa li sot tonbe, SIM nan kapab soti nan plas li. Depi SIM nan pa nan plas li kèk nan sèvis ou yo e menm tout sèvis yo tankou apèl yo kapab afekte. Pou plis enfòmasyon sou kijan pou w’ ranje SIM lan nan telefòn nan klike la.
Fèmen epi relimen aparèy ou a se youn nan mwayen ki pi senp e ke w’ kapab fè konfyans pou ou retounen konekte sou rezo a ak asire w’ sèvis ou yo: entènèt, SMS, apèl; ak telefòn ou fonksyone byen. Gen kèk aparèy ki pèmèt ou retire batri a ( n’ap konseye w’ etenn aparèy la avan ou retire batri a).
Men kèk mesaj erè ou kapab jwenn pi souvan lè w'ap eseye fè yon apèl :
1. ID 2. "Nou regrèt, apèl ou a pa ka konekte, verifye nimewo a epi eseye pita."
Rezon : Ou fè yon nimewo ki pa valid
2. ID 4. "Nou regrèt, nimewo ou fè a pa disponib. "
Rezon : Telefòn ou rele a pa nan yon zòn ki gen siyal oswa telefòn nan etenn.
3. ID 6. "Nou regrèt, ou pa otorize pou w' fè apèl sa a. "
Rezon : Digicel bloke tout apèl sòtan sou telefòn sa a. Sa ka rive si yo te rele nan sèvis kliyan an di telefòn sa a pèdi oswa yo vòlè l'. Si w' se yon kliyan pòspeye, kapab se fakti ou genyen ki pa peye.
4. ID 10. "Moun w'ap rele a nan telefòn , eseye pita."
Rezon : Moun w’ap rele a deja nan yon apèl epi opsyon doub apèl la pa aktive sou nimewo li a.