Digicel ofri w' plizyè fason ou kapab akive yon plan entènèt, nou genyen:
Aplikasyon MyDigicel la
Fason ki bay plis avantaj lè ou aktive yon plan entènèt, se aplikasyon MyDigicel la. Megabay (MB) ou yo ap double !
Etap 1. Peze bouton “Connectez-vous avec votre Digicel ID” pou w' ka konekte otomatik.
Etap 2. Lè ou fin konekte, al nan Meni an () ki anwo agoch epi chwazi « Mes Plans ».
Etap 3. Chwazi plan ou vle a. Sonje byen kantite megabay (MB) ou bezwen yo depann de itilizasyon entènèt ou. Gen kèk aktivite w'ap fè sou entènèt la, k'ap mande plis megabay pase yon lòt. Pou w' jwenn plis enfòmasyon sou fason ou sèvi ak megabay ou yo klike la.
Etap 4. Tann ou resevwa SMS konfimasyon an, apre etenn telefòn ou epi relimen l'. Sonje dezaktive koneksyon entènèt la jiskaske ou resevwa SMS konfimasyon an. Pa bliye swiv jan w'ap itilize megabay ou yo sou aplikasyon an.
Sonje : Imaj sa yo se imaj dènye vèsyon aplikasyon an. Asire w' ou enstale dènye vèsyon ki pou telefòn ou an jodia.
Mon cash
Aktive plan entènèt ou sou mon cash w'ap jwenn 50% megabay bonis
- Konpoze *202#send.
- Chwazi ‘Plan Digicel’.
- Chwazi ‘Plan internet’.
- Kounya ou ka chwazi aktive yon plan entènèt pou ou oswa pou yon zanmi w'. Si w' vle aktive yon plan pou yon lòt nimewo, ou ka fè l' san ou pa mete areya kòd 509 la.
- Ke w' vle aktive l' pou yon moun oswa pou tèt ou, w'ap wè tout plan entènèt ki disponib yo.
- Fèmen telefòn ou epi relimen l'.
Kòd*130#send
Kòd *130#send la ba w' yon meni, kote ou ka aktive yon plan entènèt pou ou oswa pou yon zanmi w'.
Etap 1. Konpoze *130#send.
Etap 2. Chwazi chif 1 si se pou nimewo pa w' la, oswa chif 2 pou yon lòt moun. Si w' reponn ak chif 2 a, mete nimewo telefòn nan ak areya kòd 509 la.
Etap 3. Chwazi yon plan.
Etap 4. Fèmen telefòn ou epi relimen l'.