Pòtay “Postpaid Self-Care” la se yon platfòm ki disponib atravè yon lyen ki pèmèt kliyan pòspeye, ibrid ak antrepriz yo, kapab itilize kèk fonksyon sou kont yo. Pami fonksyon sa yo, nou jwenn verifye ak peye fakti, aktivasyon kèk sèvis, posiblite pou soumèt dokiman ak kreye biyè , pou nou site sa yo sèlman.
Pou itilize aplikasyon sa, kliyan an dwe enskri avan.
Bouton Voir et Payer mes factures la pèmèt kliyan yo gade fakti yo nan yon premye tan, epi peye fakti nan yon dezyèm tan.
Pou peye fakti yo, kliyan an genyen 2 posiblite. Li ka peye ak Mon Cash oswa ak kat kredi (Visa oswa Mastercard ).
Pa bliye pou l' peye fakti yo, kliyan an oblije enskri ak BAN li. (BAN lan se premye eleman ki pèmèt sistèm nan idantifye kliyan an, kòm propriyetè kont lan. Li toujou kòmanse pa 369000 ousnon 3610000...)
Bouton Document an pèmèt kliyan yo depoze dokiman yo pou sèvis kliyantèl la, sou plizyè fòma : "Word , Excel, PDF, PowerPoint, jpeg" ak lòt ankò… Dokiman an pa dwe depase 5MB.
Bouton Informations du Client an pèmèt kliyan yo nan yon premye tan aktive yon plan ak mesajri vokal yo oswa dezaktive opsyon ki pèmèt yo resevwa fakti. Nan ka sa , kliyan an ap faktire sou limit kredi l' oswa sou kont prensipal li si li ta yon kliyan ibrid.
Usage Ap bay kliyan yo posiblite pou verifye itilizasyon yo, swa minit, sms oswa megabay (MB).
Balances pèmèt kliyan yo verifye kont dedye yo.
Gestion de lien d’association Et Demande d’association pèmèt kliyan yo bay pèmisyon oswa mande yon lòt itilizatè jwenn enfòmasyon sou kont yo, nan pòtay kliyan an.
Kliyan an ap gen pou li seleksyone yon kategori pou eksplike demand li a, nan kèk mo ki pa depase 200 karaktè, l'ap gen pou l' seleksyone nimewo konsène a si kont lan gen plizyè nimewo; aprè l'ap klike sou "créer".
Onglè Signaler une difficulté a bay kliyan an posiblite pou l' fè nenpòt demand apati de pòtay la.
Peye fakti atravè Pòtay Kliyan an ak Mon Cash
- Ale sou https://postpaidselfcare.digicelbusiness.com.
- Chwazi « Facture », epi « Payer ma facture ».
- Chwazi metòd pèman « MonCash ».
- Peze bouton « Payer maintenant ».
- Chwazi « Suivant », epi antre kòd PIN ou.
- Peze bouton « Payer » pou fini.
Peye fakti atravè Pòtay Kliyan an ak Kat kredi
- Ale sou https://postpaidselfcare.digicelbusiness.com
- Chwazi « Facture », epi « Payer ma facture »
- Chwazi metòd pèman « Carte de Crédit »
- Peze bouton « Payer maintenant »
- Chwazi « Suivant », epi antre enfòmasyon kat kredi ou a
- Peze bouton « Payer en ligne» pou w' fini.