Ou ka gen difikilte pou w' fè apèl si nimewo telefòn ou an pa valide. N'ap fè ou sonje difikilte sa ap sèlman anpeche w' rele nimewo Digicel, ak itilize sèvis "fè yo pale" a. Pandan tan sa, w'ap ka rele ak resevwa apèl lòt operatè lokal la, rele ak resevwa apèl entènasyonal, voye ak resevwa SMS epi itilize sèvis entènèt nou an tou.
Pou yon asistans rapid, tanpri rele sèvis kliyantèl la nan 111 ak nimewo ki gen difikilte a.
Men enfòmasyon w'ap bezwen yo:
- Non konplè w' (non ak siyati)
- Nimewo telefòn ki gen difikilte a
- Mak ak modèl telefòn ou an
- Zòn kote ou rete a
Remak : Pa retire SIM nan sou bwat telefòn nan. Ou pa bezwen rele pou menm difikilte a, paske lè w' rele plizyè fwa, sa fè pwosesis validasyon SIM lan pran plis tan. Lè difikilte a fin rezoud, w'ap resevwa yon SMS ki enfòme w' SIM nan valide, lè sa a w'ap kapab itilize l'.