Digicel gen plizyè nouvo òf li lanse ki rele "Cool". Plan sa yo genyen ladan yo megabay (MB), minit pou fè apèl digi-digi, ak opsyon nimewo prefere a ki pèmèt ou rele yon nimewo Digicel san limit jiska minwi. Gen 6 plan Cool ki egziste (Cool 18/ Cool 22.50/ Cool 27/ Cool 30/ Cool 35/ Cool 50). Se sèl plan Cool 18 la ki bay posiblite mete yon nimewo prefere, Plan Cool 30 ak Plan Cool 35 lan se sèl sou aplikasyon MyDigicel la ou kapab aktive yo.
Tout kliyan prepeye kapab aktive plan Cool yo ( kliyan ki gen SIM Ma Life yo ladann tou)
Pou aktive nimewo prefere a, kliyan yo dwe konpoze *109#send epi swiv enstriksyon yo. Men yon egzanp ak plan cool18 la :
Etap 1. Konpoze *109#send. Epi yon meni ap afiche, k'ap mande w' peze chif “1”, pou w' anrejistre nimewo prefere ou vle a.
Etap 2. Yon dezyèm meni ap afiche. Kounye a ou dwe ajoute nimewo prefere ou vle a ak 509** devan l’. N'ap raple w' nimewo a dwe yon nimewo Digicel.
Etap 3. Aprè nimewo prefere a fin ajoute , ou dwe reponn ak chif "1" epi peze “envoyer” pou w’ ka konfime aktivasyon an:
Etap 4. Pou fini, w'ap resevwa mesaj anba a:
« Nimewo prefere w' la aktive avèk siksè. L'ap ekspire a MINWI »
Enpotan: Si yon kliyan vle chanje nimewo prefere l' la, li dwe aktive yon lòt plan cool 18.