Mon Cash se yon sèvis bankè ki ap pèmèt kliyan ki enskri yo fè tranzaksyon lajan sou telefòn yo. Se yon sèvis Digicel Ayiti ak Sogebank fè .
Remak._ Pou tout asistans ou bezwen ak enfòmasyon sou sèvis Mon Cash, la rele nan 202 gratis soti 8è nan maten pou rive 7è nan aswè. Oubyen klike la.
Oubyen tou, konpoze *212# send wap jwen kèk enfòmasyon pou kont ou :
Gen plizyè tip tranzaksyon ou kapab fè ak sèvis Mon Cash la tankou Depo, Retrè, Rechaj, Transfè, Pewòl, peye bil , chanje kòd sekrè w la, jwenn dènye tranzaksyon ou yo…
Men kèk etap w'ap kap swiv pou fè tranzaksyon yo:
Premyèman, pou'w fè yon depo oubyen yon retrè, ou kapab pase nan biwo Mon Cash ki pi pre'w la, ak nimewo ki gen kont lan ak kantite kòb la (ke ou vle mete oubyen retire a), plis pyès idantite ou.

Peye Revolt (Kòd)
*202*32*760* kantite kòb la* Nimewo Revolt* Kòd sekrè #SND
Rechaj
-Lè ou swiv Meni a
Pou'w rechaje kont ou w'ap konpoze :
- *202#SND
- Chwazi “2” rechaj
- Peze"1"pou nimewo pa'w la
- Mete kantite kòb la
- Mete kòd sekrè'w la
- Remete kòd sekrè a pou'w konfime.
Pou'w rechaje yon lòt kont
- *202#SND
- Chwazi “2” rechaj
- Peze “2” pou yon lòt nimewo
- Mete nimewo Digicel ou vle rechaje a
- Mete kantite kòb la
- Mete kòd sekrè'w la
- Remete kòd sekrè a pou'w konfime.
-Ak kòd la
Pou'w rechaje kont pa'w,fè *202*21*kantite kòb la*kòd PIN#SND
Pou'w rechaje yon lòt nimewo *202*22*nimewo*kantite kòb la*kòd PIN# SEND
Transfè
Pou w fè transfè , konpoze :
- *202# send
- Chwazi “1” pou transfè
- Mete nimewo telefòn nan
- Mete kantite kòb w'ap voye a
- Mete kòd sekrè'w la
Remete kòd sekrè a pou konfime.