Mon Cash se yon sèvis bankè ki pèmèt kliyan ki enskri yo fè tranzaksyon lajan sou telefòn yo. Se yon sèvis Digicel Ayiti ofri nan kolaborasyon l' ak Sogebank.
Remak._ Pou tout asistans ou bezwen ak enfòmasyon sou sèvis Mon Cash, la rele nan 202 gratis soti 8è nan maten pou rive 7è nan aswè. Oubyen klike la.
Oubyen tou, konpoze *212# send w'ap jwenn kèk enfòmasyon pou kont ou :
Gen plizyè kalite tranzaksyon ou kapab fè ak sèvis Mon Cash la tankou : Depo, Retrè, Rechaj, Transfè, Pewòl, peye bil , chanje kòd sekrè w', jwenn twa dènye tranzaksyon ou yo…
Men kèk etap w'ap kapab swiv pou w' fè tranzaksyon yo:
Pou w' fè yon depo oubyen yon retrè, ou kapab pase nan biwo Mon Cash ki pi pre w' la, ak nimewo ki gen kont lan ak kantite kòb la (ou vle mete oubyen retire a), plis pyès idantite ou.
Lang meni Mon Cash la
Men sa kliyan an dwe fè pou l' change lang meni Mon Cash la:
- *202#send
- Chwazi "5" pou "Kont pam"
- Chwazi "5" pou lang epi chwazi yon lang:
- Kreyol
- Fransè
- Anglais
4. Antre kòd sekrè a
Change kòd sekrè w' la ( kòd USSD )
Pou l' change kòd sekrè l', kliyan an kapab konpoze sou telefòn li :
*202*42*ansyen PIN*Nouvo PIN* konfime nouvo PIN# SND
Change kòd sekrè w' (Meni)
Pou l' change kòd sekrè l', kliyan an kapab swiv etap sa yo :
- *202#snd
- Chwazi “5” pou "Kont pam"
- Chwazi “2” pou change kòd sekrè a
- Antre kòd sekrè li genyen nan moman an
- Antre nouvo kòd sekrè a
- Konfime nouvo kòd sekrè a
Mesaj konfimasyon an : Mon cash sot ba ou on nouvo PIN.
Kòd PIN nan se kle kont ou a, pa pataje l' ak lòt moun, pa ekri l' yon kote moun ka jwenn li fasil. proteje l'.
Dènye tranzaksyon yo
Pou l' wè twa dènye transaksyon yo, kliyan an dwe rantre kòd sa sou telefòn li :
*202*43*kòd PIN# SEND
Oswa li kapab pase pa meni an tou :
-
- *202#snd
- Chwa “5” pou "Kont pam"
- Chwa “3” pou dènye tranzaksyon yo
- Antre kòd sekrè a pou konfime
Kontrole balans ou
Pou l' kontrole balans li, kliyan an dwe rantre kòd sa sou telefòn li :
*202*41*kòd PIN# SND
Oswa li kapab pase pa meni an tou :
- *202#snd
- Chwa “5” pou "Kont pam"
- Chwa “1” pou Balans lan
- Antre kòd sekrè a pou konfime
Mesaj konfimasyon an : Ou gen … sou kont ou
Peye Revolt (Kòd)
*202*32*760* kantite kòb la* Nimewo Revolt* Kòd sekrè #SND
Rechaj
- Lè ou swiv Meni an
Pou w' rechaje kont ou w'ap konpoze :
- *202#SND
- Chwazi “2” pou rechaj
- Peze"1"pou nimewo pa w' la
- Mete kantite kòb la
- Mete kòd sekrè w' la
- Remete kòd sekrè a pou w' konfime.
Pou w' rechaje yon lòt kont
- *202#SND
- Chwazi “2” pou rechaj
- Peze “2” pou yon lòt nimewo
- Mete nimewo Digicel ou vle rechaje a
- Mete kantite kòb la
- Mete kòd sekrè w' la
- Remete kòd sekrè a pou w' konfime.
- Ak kòd kout
Pou w' rechaje kont pa w',fè *202*21*kantite kòb la*kòd PIN#SND
Pou w' rechaje yon lòt nimewo *202*22*nimewo*kantite kòb la*kòd PIN# SEND
Transfè
Pou w' fè transfè lajan, konpoze :
- *202#send
- Chwazi “1” pou transfè
- Mete nimewo telefòn nan
- Mete kantite kòb w'ap voye a
- Mete kòd sekrè w' la
Remete kòd sekrè a pou w' konfime.