Sèvis “Appelle moi” se yon mesaj pou enfòmew, jan ou tande l, la pou voye yon mesaj tèks bay yon lòt moun pou w mande l pou l rele w. Sèvis sa disponib pou sèlman kliyan prepeye yo ki pa gen kòb oubyen kantite kòb la pou fè apèl sou kont yo.Wap kapab voye mesaj sa bay lòt nimewo Digicel ki trouve yo lòtbò dlo oubyen bay lòt nimewo ki gen akò entèkoneksyon sms ak roaming avèk Digicel. Ou kapab mande fanmi w oubyen zanmi w isit ak nan peyi etranje pou yo rele w avèk kòd senp sa ke wap fè sou telefòn ou an.Kòd ”Appelle moi” a se *126*nimewo telefòn#. Pa egzanp *126*kòd rejyonal*1234567#.Wap resevwa yon mesaj konfimasyon pou fè w konnen ke deman ou an ale.
Kanti demann ou ka fè pa jou a limite.
-
Pou local
-
Pou entènasyonal
Enfòmasyon ou dwe konnen : Pou itilize sèvis “Appelle moi” a fòk ou gen mwen ke 3 goud sou kont ou.