Konvèsasyon sekrè a pèmèt ou voye mesaj k'ap disparèt nan yon ti bout tan ke w' te chwazi. Egzanp, ou ka chwazi fè mesaj ou yo disparèt nan 3 a 10 segond.
Etap 1. Chwazi konvèsasyon ou ta renmen itilize opsyon mesaj sekrè a.
Etap 2. Chwazi 3 pwen ki anwo adwat ekran w' lan.
Etap 3. Chwazi "Secret Message".
Etap 4. Chwazi kantite tan an. Mesaj ou yo ap disparèt aprè tan w' te chwazi a.
Etap 5. Ou genyen kounye a mesaj sekrè a aktive sou konvèsasyon ou a. Revèy jòn nan, tou prè mesaj ou a, ap konte tan an jiskaske mesaj ou a disparèt.