“Bip messenger” pèmèt ou rete an kontak ak zanmi w', fanmi w' nenpòt kote nan mond lan. Voye epi resevwa mesaj, foto , videyo ak dokiman san w' pa peye, pandan w'ap pwofite de apèl odyo ak videyo kalite siperyè nan sèl e menm aplikasyon an.
Avèk “Bip messenger” ou kapab:
- Fè apèl odyo ak videyo kalite siperyè – ou ka fè apèl odyo ak videyo kalite siperyè ak zanmi w' oubyen fanmi w' oswa òganize reyinyon an group (jiska 10 moun).
- Transfere lajan – ou ka itilize “bip” pou w' transfere lajan. Li asire, li fasil epi li fyab.
- Genyen yon dezyèm nimewo – Avèk Bip , ou pa bezwen mache ak 2 telefòn. Si w' genyen 2 nimewo, ou ka fè apèl ak voye mesaj sou menm aparèy la.
- Genyen konvèsasyon sekrè – Mesaj ou yo ap soti sou ekran diskisyon an nan tan ou chwazi pou sa a.
- Voye bèl ti imaj ki fèt espesyalman pou BIP – Fè diskisyon w' yo gen plis koulè ak plis plezi
- Kominike ak kontak ou yo ki pa gen Bip – Voye SMS (gratis) sou aplikasyon an pou rive jwenn kontak ou yo ki pa sou BiP.
- Patisipe nan diskisyon gwoup – Diskite ak plizyè zanmi nan yon menm mesaj
- Pataje kote w' ye – Fè zanmi w' ak fanmi konnen kote ou ye – Ou ka pataje pozisyon kote w' ye nan mesaj endividyèl oubyen nan gwoup
- Tradwi mesaj ou yo - “BiP Translator” tradwi mo ak ekspreyon ekri ak vèbal tout lang, nan lang ou chwazi a.
- Jwe yon seri jwèt – Leve defi avèk yon pakèt varyete jwèt gratis epi enteresan ke ou ka chwazi.