Kijan BiP pwoteje done m' yo ak vi prive mwen?
- Mesaj ou yo sou BiP chifre si fonksyon sovgad ou aktive. Si fonksyon sovgad ou dezaktive, mesaj ou yo ap efase apre yon ti tan. Tout kominikasyon ant aparèy mobil ou ak sèvè yo chifre epi yo transmèt byen.
Eske yon lòt moun ka gen aksè ak mesaj mwen yo?
- Non, ou se sèl moun ki gen aksè ak mesaj ou yo.
Eske sa ap koute m' yon bagay pou m' voye mesaj?
- Konvèsasyon Bip a Bip gratis. Toutfwa li rekòmande pou w' gen koneksyon entènèt (Wi-Fi/Data) pou w' itilize Bip Messenger.
Kisa fonkson Buzz la ye?
- Buzz se yon fonksyonalite ki fè telefòn moun ou voye mesaj la vibre
Kisa “FollowMe” an ye?
- “Followme” pèmèt ou wè pozisyon zanmi w' lapoula pou peryòd ou chwazi a. Ou ka klike sou touch twonbòn nan ki nan zòn tèks la epi voye yon demand bay zanmi w' lan pou w' swiv li. Lè l' apwouve demand lan, ou ka wè pozisyon li lapoula sou kat lokalizasyon an.
Eske gen yon frè ou peye lè w' voye sms bay yon moun ki pa gen Bip?
- Non, ou ka voye jiska 1000 sms gratis bay zanmi ki pa genyen Bip.
Kijan mwen ka kreye group?
- Sou ekran konvèsasyon an , ou klike siy +(plis) la , aprè chwazi opsyon "new chat" nan meni an. Chwazi « new chat » epi kreye group de 400 moun pou pi plis.
Kijan mwen ka mete yon gwoup sou silans?
- Sou ekran diskisyon gwoup la, ou ka klike sou non gwoup la epi chwazi opsyon “mute”.
Ki moun mwen ka rele ak Bip?
- Ou ka fè apèl vokal / videyo avèk lòt moun kap itilize Bip nan menm peyi avèw oubyen lòtbò dlo.
Eske m' ka rele kontak ki pa anrejistre sou telefòn mwen?
- Wi , nan opsyon “calls” la. W'ap chwazi klavye a pou w' konpoze nimewo w' swete rele a.
Eske m' dwe peye pou apèl vocal / videyo yo?
- Apel vocal / videyo yo pase gratis sou Bip. Depi w' konekte sou entènèt ( WiFi/Data), ou ka konpoze / resevwa apèl.
Eske pou jwe jwèt ki sou Bip yo se gratis?
- Wi ou ka jwe tout yon seri jwèt gratis sou Bip.
Ki jwèt ki gen nan Bip mwen ka jwe?
- Ou ka jwe plizyè kategori jwèt tankou : aksyon, espò, jwèt refleksyon, konpetans, similasyon ak lòt ankò.
Eske jwèt ki sou Bip yo mwen ka jwe yo ak zanmi m'?
- Pou kounye a, pa gen jwèt moun ka jwe ansanm nan Bip.
Kisa “Bip web” la ye?
- “Bip web” se yon aplikasyon web ki fèt pou itilize sou òdinatè biwo, li pèmèt ou kontinye rete konekte ak zanmi w', fanmi w' menm si telefòn ou ta etèn.
Eske mwen ka itilize Bip sou òdinatè pandan map itilize l' sou telefòn mwen nan menm moman an?
- Wi ou ka itilize “Bip web” ak “ Bip Messenger” ansanm.