Menm si ou ta genyen yon aparèy Android, Apple oubyen Windows Billo fè li pi fasil pou w' estoke oubyen pataje foto, videyo ak lòt sipò epi fichye enpòtan yo. Li gratis pou techaje epi li fasil pou itilize .
Men kisa ou ka fè ak Billo:
- Koneksyon sekirize – Selon telefòn w'ap itilize a, ou ka itilize anprent dijital ou, rekonesans vizaj ou oubyen yon kòd sekrè pou w' konekte.
- Anrejistre souvni w' yo otomatikman - Depi fonksyon otomatik la aktive, souvni ou yo anrejistre otomatik swa sou WiFi oubyen sou done entènèt ou yo.
- Anrejistre kontak ou yo - Ou ka anrejistre kontak ou yo nan billo, si ta gen yon bagay ki rive telefòn ou, w'ap ka restore epi aksede ak yo menm kote a.
- Regwoupe foto w' yo lè w' sèvi ak Rekonesans vizaj ak imaj - billo idantifye moun, objè, ak zòn kote foto yo fèt, gras ak rekonesans vizaj ak imaj , y'ap regwoupe otomatik.
- Kreye istwa otomatik - Ou ka kreye yon seri istwa enteresan epi pataje yo byen fasil ak zanmi w' , fanmi w'. billo kreye kolaj tou ak videyo, lè l' kaptire souvni yo pou ou.
- Modifye foto/ videyo yo – Ak fonksyon modifye foto a, ou ka fè foto ak videyo w' yo pi enteresan ak filtè, efè ak ankadreman espesyal.
- Antre sou Billo nenpòt kote w' ye – Tout foto, videyo, ak fichye ou te anrejistre sou billo; ou ka ale sou yo byen fasil epi rapid sou telefòn entelijan w', tablèt, Apple TV, Televizè ak òdinatè w' (depi w' gen koneksyon entènèt).