1. Kisa pakè byenvini billo a ye?
Pakè byenvini Billo a ofri w' 5Go espas pou w' estoke gratis depi w' sèlman konekte sou aplikasyon an oubyen sou sit wèb billostorage.com la.
2. Eske billo se yon aplikasyon gratis li ye?
Wi Billo se yon aplikasyon gratis. Men, ou dwe gen koneksyon entènèt (Data/ WiFi) pou w' ka telechaje Billo sou PlayStore/AppStore.
3. Eske map pèdi done mwen anrejistre yo?
Toutotan abònman ou a kontinye epi ou pa anile sèvis la, ou pap pèdi done ou yo.
4. Eske lòt moun ka gen aksè ak done mwen anrejistre yo?
Non, pèsòn pa gen aksè ak done ou anrejistre yo.
5. Eske kalite foto / videyo mwen yo ap chanje si mwen anile plan "premium" mwen an?
Si plan "premium" ou an anile, foto/videyo ou yo ap toujou anrejistre ak kalite siperyè.
6. Eske map ka toujou itilize fonksyon rekonesans vizaj ak imaj la si mwen anile plan Billo "premium" nan?
Si plan Billo "premium" ou an anile , ou pap ka itilize fonksyon rekonesans vizak ak imaj la.
7. Kisa kap rive done mwen yo si mwen pa ale sou Billo pandan yon bon ti tan?
Si w' pase 9 mwa san w' pa konekte sou Billo, w'ap rete 3 mwa pou w' konekte. Si toujou pa gen koneksyon aprè 3 mwa, done w' yo ap efase sou yon lane.
8. Si mwen achte yon plan estokaj eske sa tou banm estati "premium"?
Non. W'ap gen bezwen achte yon plan estokaj "premium" pou w' ka gen estati "premium".