Klile la pou plis enfòmasyon sou plan PaleNetExtra nou yo
Nou ajoute kèk kesyon ak repons nou jwenn pi souvan, ki gen rapò ak plan PaleNetExtra yo.
1. Pou ki aplikasyon nimerik yo bay plan PaleNetExtra yo?
Plan PaleNetExtra nou yo fèt pou tout aplikasyon nimerik nou yo. Se sa ki pi bèl la! Gen yon aplikasyon pou chak moun pou kèlkeswa aktivite ki enterese w' la. Aplikasyon nimerik nou yo se :
Mizik | Estokaj | Mesaj | Espò | Aktyalite | TV | Radyo/Podcasts |
---|---|---|---|---|---|---|
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
2. Kisa k'ap rive si gen yon plan youn aplikasyon nimerik yo ki aktive sou kont mwen?
SportsMax
Si ou deja gen yon plan SportsMax ki deja aktive, nan ka sa aktive yon plan PaleNetExtra :
- W'ap resevwa megabay plan SportsMax la, anplis de megabay ou te genyen yo ak megabay pou lòt aplikasyon nimerik nou yo plis megabay sou kont prensipal ou.
- W'ap benefisye yon aksè "Premium" SportsMax.
PlayGo
Si ou gen yon plan PlayGo ki deja aktive, nan ka sa aktive yon plan PaleNetExtra :
- W'ap resevwa megabay plan PlayGo la, anplis de megabay ou te genyen yo ak megabay pou lòt aplikasyon nimerik nou yo plis megabay sou kont prensipal ou.
- W'ap benefisye yon aksè "Premium" PlayGo.
D’Music
Si ou gen yon plan D'Music ki deja aktive, nan ka sa aktive yon plan PaleNetExtra :
- W'ap resevwa megabay plan D'Music la, anplis de megabay ou te genyen yo ak megabay pou lòt aplikasyon nimerik nou yo plis megabay sou kont prensipal ou.
- W'ap benefisye yon aksè "Premium" D'Music.
BiP
Si ou deja gen promosyon apèl, mesaj tèks, odyo ak videyo aktive sou kont ou, nan ka sa aktive yon plan PaleNetExtra :
- W'ap resevwa megabay plan BIP la, anplis de megabay ou te genyen yo ak megabay pou lòt aplikasyon nimerik nou yo plis megabay sou kont prensipal ou.
3. Kisa k'ap rive si mwen pa aktive plan Billo ankò?
W'ap kapab itilize aplikasyon an pandan 6 mwa (180 jou) san ou pa gen plan ki aktive. W'ap kapab kontinye telechaje depi w' nan limit 5 gigabay gratis nou ba ou yo. Men ou pap kapab fè nouvo telechajman si ou depase 5 gigabay gratis nou ba ou yo.
4. Poukisa pri plan PaleNetExtra yo pa menm ak pri ansyen plan yo?
Objektif nou se pou nou ofri w' PLIS. Plan dijital PaleNetExtra nou yo gen plis valè gras ak ANPIL megabay nou ba ou kap pèmèt ou jwi tout lòt bèl aplikasyon itil nou yo.
5. Èske tout kliyan yo kabap achte plan PaleNetExtra yo?
Wi,tout kliyan nou yo gen aksè pou yo achte plan nimerik yo.
6. Kisa mwen gen pou m' fè pou m' aktive plan PaleNetExtra yo?
Sa ki bèl avèk plan PaleNetExtra nou yo, se anpil megabay nou ofri w' pou chak aplikasyon nimerik yo, pou w' kapab fè eksperyans ak yo otan w' vle.
Ou kapab itilize metòd lokal yo pou w' aktive plan yo. Gen plizyè fasonnou kapab fè pou w' aktive plan PaleNetExtra yo : Sit Wèb la, Aplikasyon MyDigicel, Kòd USSD (*509# send) oubyen lè ou ale nan magazen Digicel ki pi pre w' la, kote yon ajan trè janti ap ede'w.
7. Ki kantite megabay aplikasyon nimerik nou yo ofri kliyan nou yo?
Objektif nou se pou nou ba w' plis san ou pa gen pou peye anplis.
Tankou pou chak aplikasyon oubyen megabay ou itilize sou telefòn ou an, kantite megabay oubyen jigabay w'ap itilize a varye selon plizyè faktè; tankou kalite videyo k'ap difize a, pwisans siyal ou, kantite mounn ki konekte sou li e latriye. Kapab genyen itilizasyon "aplikasyon nan aryè plan" tou pou mizajou otomatik aplikasyon w' yo.
Poutèt sa, Digicel ba ou posibilite pou w' jwi vi nimeri ou san kè kase ak anpil megabay:
- 3GB sou kont prensipal entènèt ou ak plan PaleNetExtra 1 jou a plis 1GB pou w' itilize chak aplikasyon nimerik yo (n'ap fè w' sonje se 7 yo ye)
- 20GB sou kont prensipal entènèt ou ak plan PaleNetExtra 7 jou a plis 10GB pou w' itilize chak aplikasyon nimerik yo
- 70GB sou kont prensipal entènèt ou ak plan PaleNetExtra 30 jou a plis 50GB pou w' itilize chak aplikasyon nimerik yo
8. Èske m'ap jwenn yon notifikasyon, lè sèvis yon aplikasyon pa konte nan megabay mwen resevwa pou aplikasyon an?
Wi. Y'ap enfòme w' depi w'ap faktire sou kont prensipal ou.
9. Èske mwen sèvi ak megabay kont prensipal mwen lè map itilize aplikasyon nimerik yo pandan mwen gen megabay pou aplikasyon yo?
Wi gen kèk fonksyon espesyal nan aplikasyon yo, k'ap itilize megabay kont prensipal ou nan plas megabay nou ba ou pou aplikasyon yo.
Men fonsyonalite aplikasyon nou yo ki itilize megabay sou kont prensipal ou :
BIP
- Apèl videyo avèk plizyè moun
- Jwèt
- Dekouvri
- Lye
SportsMax
- Tout lòt fonksyon ak itilizasyon aplikasyon an eksepte "streaming" andirèk la
- Streaming andirèk la ap itilize megabay nou ba ou pou aplikasyon an.
GoLoud
- Videyo emisyon ou mande yo ap itilize megabay sou kont prensipal ou, se pap megabay nou ba ou pou aplikasyon GoLoud la.
Loop
- Reklam ,imaj ak videyo yo ap itilize megabay entènèt kont prensipal ou, se pap megabay nou ba ou pou aplikasyon an.