Ki diferans ki gen ant gen garanti ak plis chans pou genyen?
Nou pwopoze 2 fason pou w' genyen nan pwomosyon nou an
- “Gen Garanti”: Chak samdi (ak lòt jou pwomosyon espesyal nou ka chwazi) pandan peryòd pwomosyon an, kliyan elijib pou patisipe yo ki konplete aksyon "Shake It" nan aplikasyon My Digicel la ap resevwa yon pri.
- “Plis chans pou genyen”: Tout lòt jou, depi w' se yon kliyan elijib, ou gen yon chans pou w' genyen yon pri lè w' fin active yon NOUVO plan promosyon an konsène. Wap genyen (24 èd tan) a pati de dat ak lè ou resevwa notifikasyon "Shake It" pou fè aksyon souke a sou aplikasyon My Digicel la pou w' gen yon chans genyen yon pri.
Konbyen fwa mwen ka souke epi genyen?
Ou ka genyen yon (1) fwa pa jou.
Eske map enfòme lè mwen elijib?
Wi. Pandan peryòd pwomosyon an, nap enfòme w' de elijibilite w' pou w' "souke li" pou on gen garanti. Si w' aktive yon plan ki konsène pa promosyon an oubyen ou resevwa l' kòm kado, wap resevwa yon notifikasyon kap enfòme w' ou elijib pou patisipe nan yon jwèt aza kap ba w' plis chans pou w' genyen.
Eske m'ap enfòme lè mwen genyen yon pri?
Wi, wap avèti pa yon sms, push oubyen notifikasyon in-app ( notifikasyon sou apliksyon an menm). Nap voye ba ou tou yon notifikasyon konfimasyon si w' pa ta reyisi yon souke li.
Eske mwen ka itilize yon pri eksperyans nimerik ak yon plan PaleNetExtra?
Wi, pri eksperyans nimerik yo konpatib ak lòt plan nou yo epi yo ka aktif ansanm. Tout alokasyon yo (megabayt oubyen minit) ap itilize nan prim eksperyans nimerik ou a anvan alokasyon lòt plan w' yo.
Kijan m'ap ka verifye balans pri eksperyans nimerik mwen yo?
Wap ka verifye balans ou swa sou paj akèy la oubyen nan seksyon “Balances” nan aplikasyon MyDigicel la.
Pou konbyen tan pri eksperyans nimerik mwen valab?
Lè ou genyen yon prim, wap gen 24 èd tan pou w' chwazi prim ou an, oubyen sistèm nan ap chwazi youn pou ou pa defo.
Sof pou rabè sou plan PaleNetExtra yo:
- Depi yon pri eksperyans nimerik seleksyone, lap aktive menm kote a otomatikman pou ou. Li pa nesesè pou w' aktive l' apa.
- Pri eksperyans nimerik yo ka itilize menm moman yo fin aktive a epi yap ekspire nan dat nou afiche nan moman aktivasyon an.
Si w' chwazi yon rabè sou plan PaleNetExtra a kòm pri, ou gen jiska 30 jou pou avantage la aplike sou pwochen acha oubyen renouvèlman plan sa a.
Si w' te chwazi men ou pat itilize prim eksperyans nimerik ou a, lap ekspire, pap gen ni repò ni ranbousman. Eksepte pou òf pwomosyonèl nimerik kote repò kapab aplike yo jan sa ekri aba a.
Tout itilizasyon anplis de alokasyon an oubyen ki pa nan peryòd validite prim eksperyans nimerik la ap faktire selon tarif plan an lè pa gen promosyon, lap sopti sou kont prensipal megabayt/ minit ou oubyen w'ap faktire sou kredi Digicel ou.
Eske prim eksperyans nimerik mwen an ap rekondwi pou megabayt ak minit?
Megabayt ak minit ki pa iilize yo pap transfere de yon pri oubyen yon lo promosyonèl a yon plan nòmal/achte. Toutfwa si w' genyen epi w' chwazi yon lòt plan nimerik pwomosyonèl kòm prim , tout balans megabayt ki rete sou ansyen pake nimerik pwomosyonèl la epi ki toujou valid ap repòte . Yon òf ki ekspire pap ka rekondwi.
Eske map ka genyen plis ke yon pri eksperyans nimerik nan menm tan an?
Wi, si w' gen plizyè prim, wap ka aktive yo nan menm tan an sou kont ou. Li enpòtan pou w' note ke ou pap ka genyen plizyè vèsyon menm prim eksperyans nimerik aktif nan menm tan an. Ou pap ka akimile plizyè fwa menm rabè a sou òf PaleNetExtra yo kòm prim men, wap kapab chwazi ak itilize plizyè rabè diferan, pa egzanp youn pou yon plan 7 jou epi yon lòt pou yon plan 1 jou.
Kisa mwen dwe konnen ankò sou pwomosyon eksperyans nimerik lan?
Si w' chwazi ofri yon lòt moun yon prim eksperyans nimerik , ou dwe antre nimewo telefòn Digicel moun nan epi lis pri yo ap afiche, paske se pri ki konpatib ak sèvis Digicel li destinatè a ap ka resevwa. Rekonpans kado ki ofri a ap otomatikman atribye a benefisyè a epi tou aktive ; benefisyè a ap resevwa li menm tou yon notifikasyon ak tout detay kado a.
Yon mesaj erè ka afiche nan ka kote benefisyè a pa gen dwa ak pri w' seleksyone a, pa egzanp si w' tante fè yon kliyan Pòspeye yon kado, si kont kliyan an pa aktif oubyen si nimero li a pa valid.
Ki lòt sa mwen dwe konnen sou chwa ak atribisyon pri non nimerik yo?
Si w' genyen yon pri non nimerik, wap resevwa yon notifikasyon kote w'ap jwenn:
- Yon bon ki gen foto pri a ( jis pou ilistre l' sèlman)
- Deskripsyon pri a avek yon "code QR"
- Yon nimero telefòn pou w' kontakte Digicel pou òganisayon kote, lè ak sa w'ap gen bezwen pou w' pase reklame l' la.
Ou dwe kontakte Digicel nan nimero ou resevwa a nan 24 èd tan aprè w' fin jwenn notifikasyon an sinon pri a ka konfiske.
Yon fwa ou kontakte Digicel epi idantifikasyon w' valide, nap mete pri w' la disponib pou w' pase reklame l'.
Nap ankouraje w' pase reklame pri w' la nan yon delè 2 jou ki gen travay (ant lendi ak samdi) aprè l' fin disponib la. A pati de lè ou jwenn notifikasyon ki fè w' konnen ke w' genyen an, ou gen jiska 14 jou pou w' pase reklame pri w' la sinon lap anile.