Ou ka idantifye plan ke w’ ka genyen nan promosyon souke pou genyen an avèk ikon “Shake It” la nan seksyon “Shake It” aplikasyon MyDigicel la. Kidonk, tout plan sou aplikasyon an ki pa genyen ikon “Shake It” la pa nan promosyon an.
Ki kalite prim mwen ka genyen?
Genyen 2 tip prim diferan nou ka ofri w' si w' genyen : "Pri eksperyans nimerik" ak "Pri non nimerik". Yo chak la defini nan detay anba yo.
- Pri “ eksperyans nimerik” la gen ladan soukategori pri sa yo, ki ka itilize jeneralman touswit aprè w' fin chwazi l' la, ou ka menm ofri yon lòt moun li: pa egzanp - Megabayt /Minit.
- Pri " non nimerik yo" se yon seri pri ke w' jeneralman ka reklame yon kote Digicel mete pou sa e ki antre kòm prim nan pwomosyon an, nan medya sosyal yo ak lòt mwayen kominikasyon Digicel yo, nan notifye yo. Pri non-nimerik yo gen ladan yo pa egzanp lajan, telefòn entèlijan ki ofri sèvis LTE, chèk-kado yon patenè Digicel ak biyè k'ap pèmèt ou patisipe nan tiraj nou an.