Nou vle ofri w plis gras ak “Kanpay sou konsepsyon maskòt BiP” la. Nap envite tout jèn kreyatif dijital pou yo soumèt design maskòt yo an sou BiP ak Billo pou yo jwenn posiblite patisipe nan konkou pou yo ka vinn designer ofisyèl maskòt BiP la. Se yon kanpay kap kòmanse 1 Fevriye pou rive 28 Mas 2021.
Ou PAP PEYE pou design wap soumèt lan.Si yo a rive chwazi w kòm gayan epi ou fin fè design lan ansanm ak ekip nou an,yap peye w di mil dola ameriken (10 000 $ US) pou design lan.
Kiyès ki ka soumèt yon desen oubyen yon modèl ?
Tout mounn ki gen ant 14 pou rive 29 an kapab patisipe nan kanpay sila.Si ou gen mwens ke 18 an,wap kapab patisipe si e selman si paran w oubyen responsab ou ekri konsantman yo.
Eksklizyon
Tout mounn a nenpòt kilè ki te apre 1ye dawout 2020 te yon direktè,yon ofisye,yon anplwaye oubyen yon ajan Digicel Ayiti oswa nenpòt branch konpayi a,filial,divizyon oswa sosyete ki afilye yo,ki gen franchiz oubyen ajans sèvis yo,kontraktè endepandan oubyen founisè Digicel Ayiti yo
Fanmi anplwaye yo
Tout mounn ki pa abite nan youn nan mache Karayib la,Amerik latinn nan oubyen nan Sid Pasifik la.
Pou plis detay sou fonksyònman kanpay la, klike la.