Kòman mwen ka vote pou konsepsyon mwen pi renmen an ?
Etap 1 : Yap enfòme w lè lè a rive pou w kapab vote pou konsepsyon ou pi renmen an.
Etap 2 : Vizite chanèl BiP Mascot Design nan seksyon "Decouvrir"ki sou BiP.
Etap 3 : Klike sou "Voter maintenant" pou vote.Ou ka vote otan ke ou vle epi wap gen chans gen yon prim kach.
Ki prim kach mwen ka genyen si mwen vote ?
Chak jou, yap chwazi yon moun ki te vote owaza pou genyen san dola ameriken(100 $US).Plis ou vote,se plis chans pou w genyen.Wap kapab genyen yon sèl fwa sèlman pandan tout peryòd kanpay la si yo chwazi w.
Kisa mwen dwe konnen sou konsepsyon maskòt la?
Maskòt ou an dwe yon karaktè orijinal fiktiv epi ou dwe soumèt desen w lan an JPG, PDF , PSD ou AI.
Kisa ki ap rive si yo chwazi m kòm designer ofisyèl?
Si ou se kandida ki jwenn plis vòt la,wap resevwa yon apèl sou telefòn ou pou enfòme w ak di w kòman ak kilè wap kapab konfime laj ou,idantite w ak nasyonalite w epi rankontre ekip nou an pou finalize desen an.
Lè w finn fè design lan,yap peye w pou sa.
Ou dakò ke si w se yon gayan wap aksepte yo pran videyo w ak fotow epi ke imaj ou,aparans ou ak non w(Pòtrè w) ka itilize gratis pou relasyon piblik ak maketing,ki gen ladann piblikasyon pòtrè w sou rezo sosyal yo,gran medya yo,BiP ak lòt platfòm nou ka chwazi.