Ou kapab aktive plan ou an twa fason:
MDA – Aktivasyon sou MyDigicel
Ou kapab aktive nouvo plan PaleNetExtra a sou aplikasyon MyDigicel la.
Etap 1. Ale sou aplikasyon MyDigicel la epi chwazi 'Log in'.
Etap 2. Chwazi 'Forfait et Plans'.
Etap 3. Chwazi 'Forfait et Plans' epi klike sou nouvo plan PaleNetExtra ou ta renmen aktive a.
Etap 4. Depi w’ gen ase lajan sou kont prensipal ou, w’ap resevwa yon SMS k’ap enfòme w’ plan w’ lan aktive ak siskè.
Si w’ pa gen ase lajan sou kont ou, w’ap resevwa yon SMS k’ap enfòme w’ lajan ou genyen sou kont ou a pa ase pou w’ aktive plan an. W’ap bezwen rechaje kont ou epi eseye ankò.
Web - Aktivasyon
Ou kapab aktive nouvo plan PaleNetExtra a sou vèsyon Web aplikasyon MyDigicel la.
Etap 1. Ale sou MyDigicel, chwazi 'Log in'.
Etap 2. Chwazi 'My Plans'.
Etap 3. Chwazi 'Available Plans', epi klike sou nouvo plan PaleNetExtra ou ta renmen aktive a.
Etap 4. Depi w’ gen ase lajan sou kont prensipal ou, w’ap resevwa yon SMS k’ap enfòme w’ plan w’ lan aktive ak siskè.
Si w’ pa gen ase lajan sou kont ou, w’ap resevwa yon SMS k’ap enfòme w’ lajan ou genyen sou kont ou a pa ase pou w’ aktive plan an. W’ap bezwen rechaje kont ou epi eseye ankò.
UMM/Kòd kout - Aktivasyon
Etap 1. Konpoze *509#send pou w’ jwenn aksè ak meni UMM/Kòd kout la.
Etap 2. Seleksyone chif k’ap mennen w’ nan meni plan PaleNetExtra yo.
Etap 3. Nan meni PaleNetExtra a, chwazi plan PaleNetExtra ou bezwen an pou kantite tan ou vle a.
Etap 4. W’ap resevwa yon mesaj de nimewo 509 pou enfòme w’ plan an aktive ak siksè.
Si w’ pa gen ase lajan sou kont ou, w’ap resevwa yon SMS k’ap enfòme w’ lajan ou genyen sou kont ou a pa ase pou w’ aktive plan an. W’ap bezwen rechaje kont ou epi eseye ankò.
Remak : imaj sa yo se imaj dènye vèsyon aplikasyon an. Yo la pou gide w’ – lajan/Chif yo ka diferan selon kote ou ye a.