Menm si kat SIM ou an aktive, li posib pou w gen difikilte pou resevwa apèl. Anpil rezon kapab eksplike sa. Nan atik sa a, nou pataje kèk kesyon ak tout repons kap ede w konprann ki kote difikilte a soti pou w ka rezoud li.
Premye ka: Ou pa resevwa apèl de yon sèl nimewo
Si ou rankontre difikilte ak yon sèl nimewo , n ap envite w verifye si nimewo sa a pa anrejistre nan lis nwa oubyen lis rejè nan telefòn ou an. Si ou menm ou pa ka verifye l pou kont ou, nap envite pase nan yon magazen Digicel ki pi pwòch ou pou w ka jwenn yon konseye pou ede w.
Dezyèm ka: Ou pa ka resevwa apèl de anpil nimewo oubyen de tout nimewo
Si anpil nimewo pa ka rele w, li enpòtan pou w ta mete SIM ou an sou yon lòt bwat pou w reverifye si difikilte a se sou SIM nan oubyen sou bwat la.
- Si ou resevwa apèl nòmalman lè w itilize kat SIM nan sou yon lòt bwat, difikilte a se nan bwat telefòn nan li ye . Nan ka sa a, nap envite w pase nan yon sant reparasyon ak bwat la.
- Si aprè w fin chanje SIM nan bwat ou toujou pa ka resevwa apèl, n ap envite kontakte sèvis kliyantèl nou an ak enfòmasyon sa yo pou yon suivi rapid ak ekip teknik nou an:
- Nimewo telefòn ou an
- Adrès ou
- Nimewo telefòn moun ki t ap eseye rele w la
- Adrès moun nan
- Dat li te rele w la
- Lè li te fè apèl la
- Mesaj erè li te jwenn
- Mak ak model telefòn ou an