Tout kliyan ki gen yon nimewo prepeye dwe rechaje kont li souvan oubyen fè tranzaksyon sou li tankou: fè apèl, voye SMS eks nan lide pou l kenbe nimewo a aktif sou sistèm lan. Yon kliyan kap itilize yon nimewo e ki pa respekte prosedi sa yo, apre yon ti bout tan (plis pase 120 jou) riske pedi nimewo sila e li kapab menm retounen vann nan magazen.
Pou nou ede w pi byen konprann sik lavi yon kat SIM sou sistèm lan, nap envite li enfomasyon ki pi ba yo:
Sik Lavi yon Kat SIM |
|
Kont ki aktif |
Kliyan an kapab itilize tout sèvis yo sou telefòn li an (Apèl, SMS, Entènèt eks..) |
Kont ki inaktif |
Kliyan an pap kapab ni fè apèl, ni SMS, ni entènèt eks. Men li ap kapab resevwa apèl ak SMS. Pou li reaktive kont li an, lap bezwen itilize youn nan metòd rechaj nou yo pou rechaje kont lan. |
Kont ki Ekspire |
Kont lan bloke paske kliyan an fè plis pase 90 jou li pa rechaje kont lan. Li pap kapab ni fè ni resevwa apèl,ni voye ni resevwa SMS, menm entènèt la li pap kapab itilize tou. Pou li reaktive kont li an, lap bezwen itilize youn nan metòd rechaj nou yo pou rechaje kont lan. |
Nimewo a pa sou sistèm lan |
Nimewo sa fè plis pase 120 jou li pa ni rechaje ni itilize. Gen yon posiblite pou kliyan rejwenn nimewo sila si li poko retounen nan magazen. Pou w konnen ki enfòmasyon wap gen pou bay pou w reprann nimewo sa, klike la |
Nimewo Resikle |
Kliyan an pap kapab rejwenn nimewo sa paske li gentan disponib nan magazen pou revann. Pou li retounen itilize sèvis Digicel yo, lap gen pou li achte yon nouvo kat SIM nan nenpòt ki magazen Digicel pou 70HTG. |
Kèk metòd rechaj Digicel yo:
Rechaj Pap Padap |
Kat Flex |
Mon Cash |
Digicel Online Top Up |
Sogecarte Top Up |