Sèvis apèl an absans lan pèmèt kliyan Digicel yo konnen kiyès ki rele yo lè telefòn yo pa disponib. Men, pou resevwa notifikasyon sa yo, gen kèk kondisyon ki nesesè. Pou ede w pi byen konprann sèvis sa a, tanpri li etap ki anba yo:
-Pou resevwa apèl an absans yo, mesajri vokal ou dwe aktive. Si ou poko fè sa, jis konpoze 123, chwazi lang ou vle a, epi swiv enstriksyon yo.
Si pou kèk rezon ou pa kapab fè sa, ou ka kontakte sèvis kliyan chak jou soti 8 a.m. rive 8 p.m. oswa sèvis Live Chat 24/7 pou asistans. Wap bezwen PUK1 nimewo konsène a oswa dat ou te achte l la a ansanm ak 3 nimewo ou rele pi souvan yo.
Rezon ki ka anpeche w resevwa apèl an absans:
- Si bwat resepsyon ou a plen: apèl an absans yo delivre pa SMS. Kidonk, si bwat resepsyon ou a plen, ou pap resevwa yo. Se poutèt sa, nou konseye w efase mesaj ou pa bezwen ankò yo nan lide yo pou libere espas.
- Si w gen ranvwa apèl aktive: nenpòt ki ranvwa apèl ap anpeche w resevwa apèl an absans yo. Pou w tcheke si w genyen youn, konpoze kòd sa yo: *#21# send pou ranvwa apèl enkondisyonèl, *#61# pou ranvwa apèl si w pa reponn, *#62# pou ranvwa apèl si w pa disponib, *#67 # ranvwa apèl siw okipe. . Kèlkeswa kalite ranvwa ou genyen ki aktive, ou ka konpoze #330*0000# pou dezaktive li. Depi ou dezaktive ranvwa yo, w ap kapab resevwa apèl an absans yo ankò.
- Si ou gen yon restriksyon sou apèl kap rantre: yon restriksyon sou apèl k ap rantre otomatikman bloke SMS k ap rantre yo tou. Sa ap anpeche w resevwa apèl an absans yo. Pou dezaktive restriksyon sou apèl k ap rantre yo, tanpri konpoze kòd #35*0000# send. Si ou te chanje PIN pa defo a, ou dwe fè #35*PIN kew te mete a# send.
- Si jeneralman ou pa resevwa mesaj tèks: Si ou pa kapab resevwa mesaj tèks, ou p ap resevwa apèl manke yo tou. Tanpri kontakte sèvis kliyan an pou yon swivi nan depatman teknik la.
• Si enkyetid la konsène apèl an absans yo sèlman: tanpri kontakte sèvis kliyan lè w rele 111 ki disponib chak jou soti 8 am jiska 8 pm oswa Live Chat 24/7 ak nimewo konsène a ansanm ak PUK1 oswa omwen dat acha a ak 3 nimewo ou rele pi souvan yo.